{"id":256,"date":"2017-10-20T23:57:33","date_gmt":"2017-10-20T21:57:33","guid":{"rendered":"http:\/\/www.daho.one\/?p=1"},"modified":"2017-10-20T23:57:33","modified_gmt":"2017-10-20T21:57:33","slug":"bonjour-tout-le-monde","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/daho.one\/?p=256","title":{"rendered":"BON TAN BON MOMAN"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\">DAHO-VODOU<br \/>\nTan ki la &#8211; nan tan nou ye la &#8211; se pa l\u00f2t- se tan pa nou &#8211; se moman pa nou. Plenyen ou pa plenyen tan ap toujou pote tan &#8211; men se tan pa nou kap pase &#8211; kap pase sou nou.<br \/>\nSa ki pase &#8211; pase deja &#8211; yo pase n\u00e8t &#8211; sa yo akonpli yo lese yo pou nou an eritaj &#8211; se nou ka mezire ak apresye dezapresye ki val\u00e8 yo gen pou nou.<span class=\"text_exposed_show\"><br \/>\nPase &#8211; pase deja. Jounen Jodi-a ki pote siyati prezan ak prezans &#8211; se tan ki ofri nou lespas okazyon pou nou akonpli z\u00e8v pa nou nan lese eritaj pou sa ka ki pote reskonsablite tout demen yo.<br \/>\nReskonsablite se chay &#8211; se sa ki f\u00f2 ki pote chay.<br \/>\nAn nou mete plenyen chita nan yon kwen &#8211; nan oze f\u00e8 sa ki bon pou nou ak pou z\u00f2t andan kominote nou yo &#8211; andan nasyon an.<br \/>\nSy\u00e8l la pa pote doul\u00e8 ni sikatris nou ni koul\u00e8 soufrans nou. Menm niyaj pa zaf\u00e8 sy\u00e8l &#8211; alew\u00e8 pou nou. Men sa ki atantif &#8211; entelijan ka toujou tete l\u00e8t nan mem\u00e8l sy\u00e8l la.<br \/>\nK\u00e8 kontan lajwa se pou byenf\u00e8 nou.<br \/>\nMiz\u00e8 ki mache ak touman se pou mal\u00e8 nou.<br \/>\nLavi nou nan men nou ak tout chay reskonsablite nou. Lavi pa kons\u00e8ne ni sy\u00e8l la ni t\u00e8-a ni Bondye.<br \/>\nW vle viv an kokobe &#8211; Se w sa kons\u00e8ne.<br \/>\nW vle viv avek kalite rich\u00e8s don diven nati-a plante envesti nan w &#8211; se pou byen w.<br \/>\nW vle viv an reskiy\u00e8 nan mache pliye jenou devan p\u00f2t ak devan lot\u00e8l etranje &#8211; se zaf\u00e8 ki gade w.<br \/>\nPouvwa lavi w nan men w. Febl\u00e8s lavi w nan men w. Chwa ak kalite desizyon kons\u00e8ne kalite r\u00e8v ak kalite vizyon.<br \/>\nTan an pa pote ni lendi ni jedi &#8211; se pou sa mont \u00f2l\u00f2j w ap vire sou li menm san rete. Tan k\u00f2mansman &#8211; tan zero toujou la pou sa ki vle pati sou bon pye.<br \/>\nDeside deside na konstate m\u00e8v\u00e8y nou ka f\u00e8 ak jeni rich\u00e8s imajin\u00e8 imajinasyon nou.<br \/>\nSa ki vle tann Bondye &#8211; tann Bondye. Bondye pa voye py\u00e8s moun &#8211; py\u00e8s vi lavi vin tann li sou lat\u00e8 sou py\u00e8s kondisyon. Sa nou vin regle-a &#8211; pito nou pran dispozisyon pou nou regle yo nan lespas tan ki aksesib a nou an.<br \/>\nTout moun kap f\u00e8 lekti konnen kan l\u00e8-a rive pou li tounen paj la &#8211; se li pou ki aji tounen paj la pou l ka vanse.<br \/>\nAn nou reflechi ansanm. Ayibobo!<br \/>\n19 okt\u00f2b 2017.<br \/>\nJoseph Pierre L\u00e9onard<br \/>\nHougan mesaje<br \/>\nPrens d&rsquo;Aisso de Z\u00e8<\/span><\/p>\n<hr \/>\n<p style=\"text-align: left;\">lien facebook de la publication originale : <a href=\"https:\/\/www.facebook.com\/pierreleonard.joseph\">https:\/\/www.facebook.com\/pierreleonard.joseph<\/a><\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>DAHO-VODOU Tan ki la &#8211; nan tan nou ye la &#8211; se pa l\u00f2t- se tan pa nou &#8211; se moman pa nou. Plenyen ou pa plenyen tan ap toujou pote tan &#8211; men se tan pa nou kap pase&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":283,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[4,5,7,9],"tags":[22,31,34,40],"class_list":["post-256","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-communication","category-daho","category-haiti","category-vodou","tag-daho","tag-haiti-ayi-bobo","tag-joseph","tag-leonard"],"jetpack_featured_media_url":"https:\/\/daho.one\/wp-content\/uploads\/2021\/11\/benin6.jpg","_links":{"self":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/256","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=256"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/256\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/media\/283"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=256"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=256"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=256"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}