{"id":227,"date":"2018-01-08T18:38:09","date_gmt":"2018-01-08T23:38:09","guid":{"rendered":"http:\/\/www.daho.one\/?p=227"},"modified":"2018-01-08T18:38:09","modified_gmt":"2018-01-08T23:38:09","slug":"nan-tan-nou-rive-la-a","status":"publish","type":"post","link":"https:\/\/daho.one\/?p=227","title":{"rendered":"NAN TAN NOU RIVE LA-A"},"content":{"rendered":"<p style=\"text-align: left;\">DAHO-VODOU<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Nan tan nou rive la-a \u2013 sa mande anpil atansyon \u2013 anpil refleksyon pou nou pa tonbe pi mal nan tchouboum. Se tande m tande \u2013 nan peyi Ayiti Toma \u2013 Ayiti Cheri gen moun ki leve kanpe sou malfezan detr\u00e8s yo pou yo lanse yo nan lag\u00e8 relijyon.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Eske yo konn sa vle di lag\u00e8 relijyon ki ka senyen souf lavi yo nan yon fratisid kap rann ranje yo nan ran lote sa ki enbesil.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Ton\u00e8 kraze ! Se enbesil s\u00e8lman ki f\u00e8 g\u00e8 relijyon. Anplis sa pa ekziste vre keksyon repons lag\u00e8 relijyon. Moun nan tout kwen lat\u00e8 pa janm f\u00e8 lag\u00e8 relijyon ni f\u00e8 lag\u00e8 pou Bondye. Yo f\u00e8 lag\u00e8 pou biten \u2013 pou ent\u00e8r\u00e8 klanik \u2013 pou enter\u00e8 ekonomik \u2013 pou yo ka gade grenye yo ranpli nan mache v\u00f2l\u00e8 sa ki pa pou yo. Yo f\u00e8 lag\u00e8 pou l\u00e8t ak my\u00e8l ak pen \u2013 jam\u00e8 pou Bondye.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">L\u00e8 moun ap mache di\u00a0: Chen renmen zo \u2013 ale kw\u00e8 se vre. Depi w kw\u00e8 se vre chen renmen \u00a0zo \u2013 w m\u00e8t konne ke w pa la. Pawol sila se yon Marketing li ye menm jan ak tout l\u00f2t Marketing yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">An verite ! An verite ! Chen se vyann li renmen. Yo di li renmen zo \u2013 se pou yo ka bali zo \u2013 sa ki bali zo-a \u2013 li menm lap manje vyann ak konsyans li anp\u00e8.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Sa ki pa vijilan \u2013 ya rantre sa yo vle nan mantal bwa-t\u00e8t yo. Tou sa yo mete nan t\u00e8t yo \u2013 ya prann pou verite ekzistans lan.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Kote yon moun ki gen bon sans ka ale nan goumen \u2013 nan touye l\u00f2t \u2013 nan f\u00e8 lag\u00e8 \u2013 nan touye fr\u00e8 ak s\u00e8 \u2013 nan divize fanmi \u2013 divize nasyon pou Bondye.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Eske Bondye mande pou yo touye f\u00e8 lag\u00e8 pou li \u2013 pou l ka jwenn glwa. Nan kondisyon miz\u00e8 mizerab mizerabilism nap viv lan \u2013 li ta pi enpotan pou nou ta mande ki sa ki Bondye rey\u00e8lman. Kouman nou ka rejwenn li pou nou viv byen an p\u00e8 ak an abondans. M pa kw\u00e8 se nan chimen chim\u00e8 latouman nou ka kiltive elevasyon devan nou devan \u00a0Bondye ou nan Bondye.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Ton\u00e8 kraze sou ton\u00e8 kraze ! Imitasyon sila pa sanble avek nou.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Sa ki pi grav la \u2013 tout pr\u00e8t \u2013 tout predikat\u00e8 \u2013 tout past\u00e8 yo pa di way \u2013 paske yo konnen se nan enbesilite p\u00e8p la \u2013 manje rich\u00e8s ak flanbo ego egoyis yo jwenn gazoy pou bato kapris yo ka ale lwen nan rig\u00f2l stati soyal yo ak aparans siks\u00e8 reyisit yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Nan fon k\u00e8 yo \u2013 yo kontan anpil pou derapaj sila-a ta f\u00e8t \u2013 paske se pou yo lap bon. Sante byenf\u00e9 lavi popilasyon an pa kons\u00e8ne yo.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Ay ! \u00a0\u00a0Dyare sa-a santi mov\u00e8. Pou past\u00e8 \u2013 p\u00e8 \u2013 predikat\u00e8 w\u00e8 se chimen sa-a pou yo mennen Ayiti Toma \u2013 Ayiti cheri nou an.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Sa rele malon\u00e8t ! Pou nou ta rantre nan g\u00e8 relijyon nan goumen touye pou Bondye. Mod\u00e8l nou vle pran li pa bon. Ton\u00e8 kraze m ! Li pa bon. Salopri negriye esklavajis itilize l pou yo dep\u00e8sonalize nou \u2013 nan f\u00e8 nou p\u00e8di moso nan moun nou \u2013 se li nou vle pran pou mod\u00e8l. Sa vle di\u00a0: Nou pa deside f\u00e8 pr\u00e8v dentelijans menm. Olye nou salive bon gou \u2013 bon sans lavi \u2013 nou prefere tounen bav nan bouch ensanse.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Nan tan nou rive la \u2013 \u00a0Sa ki rete yon bout entelijans toujou nan yo \u2013 nou dwe leve kanpe a wot-vwa pou di non. Jw\u00e8t sa pa dwe jwe sou lat\u00e8 Ayiti \u2013 Ayiti peyi eritaj lib\u00e8te. Nou di non ! Nou di kanpe la ! Nan tan sa-a \u2013 nou pa dwe kite moun s\u00f2t gen rezon sou moun entelijan ki moun tout bon. Nou pa mande Bondye goumen pou nou. Nou pap goumen pou Bondye. Se pa pou sa \u2013 nan kondisyon gaga sa-a Bondye Bondye \u2013 se pa pou sa Bondye banou lavi ak rich\u00e8s entelijans ak imajinasyon. Kote lanmou renmen ye pa gen plas pou betiz\u00e8 ki deside viv nan betiz.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Jan peyi sa-a ye-a \u00a0\u2013 komsi li pa ka konte sou entelijans pitit li \u2013 sou sa ki moun tout bon yo. Antouka \u2013 etidye koz miz\u00e8 mizerab nou \u2013 nan konnen si se yon zaf\u00e8 Bondye ki pwobl\u00e8m touman nou. Anplis Bondye pa gen relijyon. Bondye se Bondye \u2013 si Bondye \u00a0nan zaf\u00e8 relijyon tankou ensanse yo \u2013 nou ta m\u00e8t tou konnen Bondye ta premye ensanse. Kalite refleksyon nou nan men nou sou keksyon repons zaf\u00e9 Bondye sila ki vle f\u00e8 nou p\u00e8di bon sans nou. An nou f\u00e8 ef\u00f2 pou nou ta rive w\u00e8 Bondye yon l\u00f2t jan \u2013 yon jan ki sanble avek nou natir\u00e8lman \u2013 spirity\u00e8lman \u2013 mistikman. Nan rive konnen konprann nou se Bondye \u2013 nou se Bondye nan Bondye. Ayibobo !<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">An nou reflechi ansanm. Ayibobo ! 8 janvye 2018.<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Joseph Pierre L\u00e9onard<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Gangan mesaje \u2013 ibo th\u00e9rapeute<\/p>\n<p style=\"text-align: left;\">Prens d\u2019Aiss\u00f2 de Z\u00e8 \u2013 du B\u00e9nin<\/p>\n","protected":false},"excerpt":{"rendered":"<p>DAHO-VODOU Nan tan nou rive la-a \u2013 sa mande anpil atansyon \u2013 anpil refleksyon pou nou pa tonbe pi mal nan tchouboum. Se tande m tande \u2013 nan peyi Ayiti Toma \u2013 Ayiti Cheri gen moun ki leve kanpe sou&#8230; <\/p>\n","protected":false},"author":1,"featured_media":128,"comment_status":"open","ping_status":"open","sticky":false,"template":"","format":"standard","meta":{"footnotes":""},"categories":[2,3,4,5,6,7,9],"tags":[13,17,28,37,40,58],"class_list":["post-227","post","type-post","status-publish","format-standard","has-post-thumbnail","hentry","category-afrique","category-benin","category-communication","category-daho","category-facebook","category-haiti","category-vodou","tag-ayibobo","tag-bondye","tag-gangan","tag-konnen","tag-leonard","tag-therapeute"],"jetpack_featured_media_url":"","_links":{"self":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/227","targetHints":{"allow":["GET"]}}],"collection":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts"}],"about":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/types\/post"}],"author":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/users\/1"}],"replies":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcomments&post=227"}],"version-history":[{"count":0,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/227\/revisions"}],"wp:featuredmedia":[{"embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=\/wp\/v2\/posts\/128"}],"wp:attachment":[{"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fmedia&parent=227"}],"wp:term":[{"taxonomy":"category","embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Fcategories&post=227"},{"taxonomy":"post_tag","embeddable":true,"href":"https:\/\/daho.one\/index.php?rest_route=%2Fwp%2Fv2%2Ftags&post=227"}],"curies":[{"name":"wp","href":"https:\/\/api.w.org\/{rel}","templated":true}]}}